Sòm 114
← Sòm · Bib La
Sòm 114
Bib La
1
Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
2
Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.
3
Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
4
Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
5
Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?
6
Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
7
Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
8
Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.