Vergleichen
Sòm 54
Gekoppeltes ScrollenBeide Spalten scrollen gemeinsam
Sòm
Kapitel 54
1
(054:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (054:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (054:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
2
(054:4) Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
3
(054:5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
4
(054:6) Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen.
5
(054:7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
6
(054:8) Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.
7
(054:9) Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.
Psalms
Kapitel 54
1
To the chief Musician on Neginoth, Maschil, A Psalm of David, when the Ziphims came and said to Saul, Doth not David hide himself with us? Save me, O God, by thy name, and judge me by thy strength.
2
Hear my prayer, O God; give ear to the words of my mouth.
3
For strangers are risen up against me, and oppressors seek after my soul: they have not set God before them. Selah.
4
Behold, God is mine helper: the Lord is with them that uphold my soul.
5
He shall reward evil unto mine enemies: cut them off in thy truth.
6
I will freely sacrifice unto thee: I will praise thy name, O LORD; for it is good.
7
For he hath delivered me out of all trouble: and mine eye hath seen his desire upon mine enemies.