Vergleichen
Sòm 80
Gekoppeltes ScrollenBeide Spalten scrollen gemeinsam
Sòm
Kapitel 80
1
(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
2
(080:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.
3
(080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
4
(080:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
5
(080:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
6
(080:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
7
(080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
8
(080:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.
9
(080:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.
10
(080:11) Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo.
11
(080:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.
12
(080:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?
13
(080:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo.
14
(080:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
15
(080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
16
(080:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!
17
(080:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!
18
(080:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!
19
(080:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!
Psalms
Kapitel 80
1
To the chief Musician upon Shoshannim-eduth, A Psalm of Asaph. Give ear, O Shepherd of Israel, thou that leadest Joseph like a flock; thou that dwellest between the cherubims, shine forth.
2
Before Ephraim and Benjamin and Manasseh stir up thy strength, and come and save us.
3
Turn us again, O God, and cause thy face to shine; and we shall be saved.
4
O LORD God of hosts, how long wilt thou be angry against the prayer of thy people?
5
Thou feedest them with the bread of tears; and givest them tears to drink in great measure.
6
Thou makest us a strife unto our neighbours: and our enemies laugh among themselves.
7
Turn us again, O God of hosts, and cause thy face to shine; and we shall be saved.
8
Thou hast brought a vine out of Egypt: thou hast cast out the heathen, and planted it.
9
Thou preparedst room before it, and didst cause it to take deep root, and it filled the land.
10
The hills were covered with the shadow of it, and the boughs thereof were like the goodly cedars.
11
She sent out her boughs unto the sea, and her branches unto the river.
12
Why hast thou then broken down her hedges, so that all they which pass by the way do pluck her?
13
The boar out of the wood doth waste it, and the wild beast of the field doth devour it.
14
Return, we beseech thee, O God of hosts: look down from heaven, and behold, and visit this vine;
15
And the vineyard which thy right hand hath planted, and the branch that thou madest strong for thyself.
16
It is burned with fire, it is cut down: they perish at the rebuke of thy countenance.
17
Let thy hand be upon the man of thy right hand, upon the son of man whom thou madest strong for thyself.
18
So will not we go back from thee: quicken us, and we will call upon thy name.
19
Turn us again, O LORD God of hosts, cause thy face to shine; and we shall be saved.