Confronta

Jenèz 11

Scorrimento collegatoLe due colonne scorrono insieme

Jenèz

Capitolo 11
1 Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt.
2 Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete.
3 Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye.
4 Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè.
5 Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a.
6 Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle.
7 Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di.
8 Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la.
9 Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
10 Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.
11 Apre sa, li viv senksanzan (0500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
12 Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela.
13 Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
14 Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè.
15 Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
16 Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg.
17 Apre sa, li viv katsantrantan (0430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
18 Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou.
19 Apre sa, li viv desannevan (0209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
20 Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug.
21 Apre sa, li viv desansetan (0207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi.
22 Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò.
23 Apre sa, li viv desanzan (0200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
24 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak.
25 Apre sa, li viv sandiznevan (0119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
26 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran.
27 Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt.
28 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la.
29 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska.
30 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit.
31 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
32 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (0205 an).

Genesis

Capitolo 11
1 And the whole earth was of one language, and of one speech.
2 And it came to pass, as they journeyed from the east, that they found a plain in the land of Shinar; and they dwelt there.
3 And they said one to another, Go to, let us make brick, and burn them throughly. And they had brick for stone, and slime had they for morter.
4 And they said, Go to, let us build us a city and a tower, whose top may reach unto heaven; and let us make us a name, lest we be scattered abroad upon the face of the whole earth.
5 And the LORD came down to see the city and the tower, which the children of men builded.
6 And the LORD said, Behold, the people is one, and they have all one language; and this they begin to do: and now nothing will be restrained from them, which they have imagined to do.
7 Go to, let us go down, and there confound their language, that they may not understand one another’s speech.
8 So the LORD scattered them abroad from thence upon the face of all the earth: and they left off to build the city.
9 Therefore is the name of it called Babel; because the LORD did there confound the language of all the earth: and from thence did the LORD scatter them abroad upon the face of all the earth.
10 ¶ These are the generations of Shem: Shem was an hundred years old, and begat Arphaxad two years after the flood:
11 And Shem lived after he begat Arphaxad five hundred years, and begat sons and daughters.
12 And Arphaxad lived five and thirty years, and begat Salah:
13 And Arphaxad lived after he begat Salah four hundred and three years, and begat sons and daughters.
14 And Salah lived thirty years, and begat Eber:
15 And Salah lived after he begat Eber four hundred and three years, and begat sons and daughters.
16 And Eber lived four and thirty years, and begat Peleg:
17 And Eber lived after he begat Peleg four hundred and thirty years, and begat sons and daughters.
18 And Peleg lived thirty years, and begat Reu:
19 And Peleg lived after he begat Reu two hundred and nine years, and begat sons and daughters.
20 And Reu lived two and thirty years, and begat Serug:
21 And Reu lived after he begat Serug two hundred and seven years, and begat sons and daughters.
22 And Serug lived thirty years, and begat Nahor:
23 And Serug lived after he begat Nahor two hundred years, and begat sons and daughters.
24 And Nahor lived nine and twenty years, and begat Terah:
25 And Nahor lived after he begat Terah an hundred and nineteen years, and begat sons and daughters.
26 And Terah lived seventy years, and begat Abram, Nahor, and Haran.
27 ¶ Now these are the generations of Terah: Terah begat Abram, Nahor, and Haran; and Haran begat Lot.
28 And Haran died before his father Terah in the land of his nativity, in Ur of the Chaldees.
29 And Abram and Nahor took them wives: the name of Abram’s wife was Sarai; and the name of Nahor’s wife, Milcah, the daughter of Haran, the father of Milcah, and the father of Iscah.
30 But Sarai was barren; she had no child.
31 And Terah took Abram his son, and Lot the son of Haran his son’s son, and Sarai his daughter in law, his son Abram’s wife; and they went forth with them from Ur of the Chaldees, to go into the land of Canaan; and they came unto Haran, and dwelt there.
32 And the days of Terah were two hundred and five years: and Terah died in Haran.

Scegli un libro