Confronta

Sòm 140

Scorrimento collegatoLe due colonne scorrono insieme

Sòm

Capitolo 140
1 (0140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (0140:2) Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,
2 (0140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
3 (0140:4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
4 (0140:5) Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.
5 (0140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.
6 (0140:7) Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.
7 (0140:8) Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.
8 (0140:9) Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!
9 (0140:10) Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
10 (0140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
11 (0140:12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.
12 (0140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.
13 (0140:14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.

Psalms

Capitolo 140
1 To the chief Musician, A Psalm of David. Deliver me, O LORD, from the evil man: preserve me from the violent man;
2 Which imagine mischiefs in their heart; continually are they gathered together for war.
3 They have sharpened their tongues like a serpent; adders’ poison is under their lips. Selah.
4 Keep me, O LORD, from the hands of the wicked; preserve me from the violent man; who have purposed to overthrow my goings.
5 The proud have hid a snare for me, and cords; they have spread a net by the wayside; they have set gins for me. Selah.
6 I said unto the LORD, Thou art my God: hear the voice of my supplications, O LORD.
7 O GOD the Lord, the strength of my salvation, thou hast covered my head in the day of battle.
8 Grant not, O LORD, the desires of the wicked: further not his wicked device; lest they exalt themselves. Selah.
9 As for the head of those that compass me about, let the mischief of their own lips cover them.
10 Let burning coals fall upon them: let them be cast into the fire; into deep pits, that they rise not up again.
11 Let not an evil speaker be established in the earth: evil shall hunt the violent man to overthrow him.
12 I know that the LORD will maintain the cause of the afflicted, and the right of the poor.
13 Surely the righteous shall give thanks unto thy name: the upright shall dwell in thy presence.

Scegli un libro