Confronta
Sòm 58
Scorrimento collegatoLe due colonne scorrono insieme
Sòm
Capitolo 58
1
(058:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (058:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
2
(058:3) Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a.
3
(058:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
4
(058:5) Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,
5
(058:6) ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa.
6
(058:7) Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè!
7
(058:8) Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen.
8
(058:9) Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri.
9
(058:10) Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.
10
(058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.
11
(058:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.
Psalms
Capitolo 58
1
To the chief Musician, Al-taschith, Michtam of David. Do ye indeed speak righteousness, O congregation? do ye judge uprightly, O ye sons of men?
2
Yea, in heart ye work wickedness; ye weigh the violence of your hands in the earth.
3
The wicked are estranged from the womb: they go astray as soon as they be born, speaking lies.
4
Their poison is like the poison of a serpent: they are like the deaf adder that stoppeth her ear;
5
Which will not hearken to the voice of charmers, charming never so wisely.
6
Break their teeth, O God, in their mouth: break out the great teeth of the young lions, O LORD.
7
Let them melt away as waters which run continually: when he bendeth his bow to shoot his arrows, let them be as cut in pieces.
8
As a snail which melteth, let every one of them pass away: like the untimely birth of a woman, that they may not see the sun.
9
Before your pots can feel the thorns, he shall take them away as with a whirlwind, both living, and in his wrath.
10
The righteous shall rejoice when he seeth the vengeance: he shall wash his feet in the blood of the wicked.
11
So that a man shall say, Verily there is a reward for the righteous: verily he is a God that judgeth in the earth.