Comparer
Resansman 26
Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble
Resansman
Chapitre 26
1
Apre epidemi an, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa:
2
-Nou pral fè resansman tout moun pèp Izrayèl la, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou fè lagè.
3
Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ba yo lòd
4
pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te soti kite peyi Lejip:
5
Nan branch fanmi Woubenn, premye pitit gason Izrayèl la, te gen fanmi moun Enòk yo, fanmi moun Palou yo,
6
fanmi moun Ezwon yo ak fanmi moun Kami yo.
7
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Woubenn lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant (043.730) gason nan branch fanmi sa a.
8
Palou te papa Eliyab.
9
Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.
10
Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (0250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
11
Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.
12
Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,
13
fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.
14
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (022.200) gason nan branch fanmi sa a.
15
Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,
16
fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,
17
fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.
18
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan branch fanmi sa a.
19
Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.
20
Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.
21
Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan.
22
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (076.500) gason nan branch fanmi sa a.
23
Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo,
24
fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo.
25
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan (064.300) gason nan branch fanmi sa a.
26
Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo.
27
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan (060.500) gason nan branch fanmi sa a.
28
Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.
29
Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.
30
Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo,
31
fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo,
32
fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo.
33
Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pa t' gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa.
34
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan (052.700) gason nan branch fanmi sa a.
35
Men pitit gason Efrayim yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Choutela yo, fanmi moun Bekè yo, fanmi moun Tayan yo.
36
Choutela poutèt pa l' te gen yon pitit gason. Se te Eran ki bay yon fanmi apa.
37
Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan (032.500) gason nan branch fanmi sa a.
38
Men pitit gason Benjamen yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Bela yo, fanmi moun Achbèl yo, fanmi moun Ayiram yo,
39
fanmi moun Choufan yo ak fanmi moun Oufam yo.
40
Bela pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan branch fanmi an ankò. Se te Ad ak Naaman.
41
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Benjamen an. Lè resansman an, yo te jwenn karannsenkmil sisan (045.600) gason nan branch fanmi sa a.
42
Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l'. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan.
43
Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil katsan (064.400) gason nan branch fanmi sa a.
44
Men pitit gason Asè yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Imna yo, fanmi moun Ichvi yo ak fanmi moun Berya yo.
45
Berya pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan fanmi an ankò: Se te Ebè ak Malkiyèl.
46
Asè te gen yon pitit fi yo te rele Sera.
47
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Asè a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanntwamil katsan (053.400) gason nan branch fanmi sa a.
48
Men pitit gason Neftali yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Yazeyèl yo, fanmi moun Gouni yo,
49
fanmi moun Yesè yo ak fanmi moun Chilèm yo.
50
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Neftali a, fanmi pa fanmi. Lè resansman an, yo te konte karannsenkmil katsan (045.400) gason nan fanmi sa yo.
51
Konsa, te gen antou sisan enmil sètsantrant (0601.730) gason nan tout pèp Izrayèl la.
52
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
53
-Nou pral separe peyi a bay chak fanmi pòsyon pa yo dapre kantite gason yo jwenn nan chak.
54
Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.
55
Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.
56
Y'a tire osò pou yo separe bay chak branch fanmi pòsyon pa yo: yon gwo pòsyon pou chak branch fanmi ki anpil, yon ti pòsyon pou chak branch fanmi ki pa anpil.
57
Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a.
58
Men lòt fanmi Levi yo: moun Libni yo, moun Ebwon yo, moun Makli yo, moun Mouchi yo ak moun Kore yo. Keyat te papa Amram.
59
Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.
60
Arawon te papa kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
61
Nadab ak Abiyou te mouri lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' dwe ofri.
62
Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (023.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.
63
Men tout moun Moyiz ak Eleaza te konte lè yo t'ap fè resansman moun pèp Izrayèl la nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
64
Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.
65
Paske Seyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esepte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.
4 Mojžíšova
Chapitre 26
1
I stalo se po té ráně, že mluvil Hospodin k Mojžíšovi a Eleazarovi, synu Arona kněze, řka:
2
Sečtěte všecko množství synů Izraelských, od dvadcítiletých a výše po domích otců jejich, všecky, kteříž by mohli jíti k boji v Izraeli.
3
Tedy mluvil Mojžíš a Eleazar kněz k nim na polích Moábských, při Jordánu proti Jerichu, řka:
4
Sečtěte lid od dvadceti let majících a výše, jakž rozkázal Hospodin Mojžíšovi a synům Izraelským, kteříž byli vyšli z země Egyptské.
5
Ruben prvorozený byl Izraelův. Synové Rubenovi: Enoch, z něhož pošla čeled Enochitská; Fallu, z něhož čeled Fallutská;
6
Ezron, z něhož čeled Ezronitská; Charmi, z něhož čeled Charmitská.
7
Ty jsou čeledi Rubenovy. A bylo jich sečtených čtyřidceti tři tisíce, sedm set a třidceti.
8
A syn Fallův Eliab.
9
Synové pak Eliabovi: Nemuel, a Dátan, a Abiron. To jsou ti, Dátan a Abiron, přední z shromáždění, kteříž se vadili s Mojžíšem a s Aronem v spiknutí Chóre, když odporni byli Hospodinu.
10
Pročež otevřela země ústa svá, a požřela je i Chóre, tehdáž když zemřela ta rota, a oheň spálil těch dvě stě a padesáte mužů, kteříž byli za příklad jiným.
11
Synové pak Chóre nezemřeli.
12
Synové Simeonovi po čeledech svých: Namuel, z něhož čeled Namuelitská; Jamin, z něhož čeled Jaminská; Jachin, z něhož čeled Jachinská;
13
Sohar, z něhož čeled Soharská; Saul, z něhož čeled Saulitská.
14
Ty jsou čeledi Simeonovy, jichž bylo dvamecítma tisíců a dvě stě.
15
Synové Gád po čeledech svých: Sefon, z něhož čeled Sefonitská; Aggi, z něhož čeled Aggitská; Suni, z něhož čeled Sunitská;
16
Ozni, z něhož čeled Oznitská; Heri, z něhož čeled Heritská;
17
Arodi, z něhož čeled Aroditská; Areli, z něhož čeled Arelitská.
18
Ty jsou čeledi synů Gád, podlé toho, jakž sečteni jsou, čtyřidceti tisíců a pět set.
19
Synové Judovi: Her a Onan; ale zemřeli Her i Onan v zemi Kanánské.
20
Byli pak synové Judovi po čeledech svých: Séla, z něhož čeled Sélanitská; Fáres, z něhož čeled Fáresská; Zára, z něhož čeled Záretská.
21
Byli pak synové Fáresovi: Ezron, z něhož čeled Ezronitská; Hamul, z něhož čeled Hamulská.
22
Ty jsou čeledi Judovy, podlé toho, jakž sečteni jsou, sedmdesáte šest tisíců a pět set.
23
Synové Izacharovi po čeledech svých: Tola, z něhož čeled Tolatská; Fua, z něhož čeled Fuatská;
24
Jasub, z něhož čeled Jasubská; Simron, z něhož čeled Simronská.
25
Ty jsou čeledi Izacharovy, podlé toho, jakž sečteni jsou, šedesáte čtyři tisíce a tři sta.
26
Synové Zabulonovi po čeledech svých: Sared, z něhož čeled Saredská; Elon, z něhož čeled Elonská; Jahelel, z něhož čeled Jahelelská.
27
Ty jsou čeledi Zabulonovy, podlé toho jakž sečteni jsou, šedesáte tisíc a pět set.
28
Synové Jozefovi po čeledech svých: Manasses a Efraim.
29
Synové Manassesovi: Machir, z něhož čeled Machirská. A Machir zplodil Galáda, z něhož čeled Galádská.
30
Ti jsou synové Galád: Jezer, z něhož čeled Jezerská; Helek, z něhož čeled Helekitská;
31
Asriel, z něhož čeled Asrielská; Sechem, z něhož čeled Sechemská;
32
Semida, z něhož čeled Semidatská; Hefer, z něhož čeled Heferská.
33
A Salfad, syn Heferův, neměl synů, než toliko dcery, jichž jsou tato jména: Mahla, Noa, Hegla, Melcha a Tersa.
34
Ty jsou čeledi Manassesovy, a načteno jich padesáte dva tisíce a sedm set.
35
Ale synové Efraimovi po čeledech svých: Sutala, z něhož čeled Sutalitská; Becher, z něhož čeled Becherská; Tehen, z něhož čeled Tehenská.
36
A ti jsou synové Sutalovi: Heran, z něhož čeled Heranská.
37
Ty jsou čeledi synů Efraimových, podlé toho, jakž sečteni jsou, třidceti dva tisíce a pět set. Ti jsou synové Jozefovi po čeledech svých.
38
Synové pak Beniaminovi po čeledech svých: Béla, z něhož čeled Bélitská; Asbel, z něhož čeled Asbelská; Ahiram, z něhož čeled Ahiramská;
39
Sufam, z něhož čeled Sufamská; Hufam, z něhož čeled Hufamská.
40
Byli pak synové Béla: Ared a Náman; z Ared čeled Aredská, z Náman čeled Námanská.
41
Ti jsou synové Beniaminovi po čeledech svých, podlé toho, jakž sečteni jsou, čtyřidceti pět tisíců a šest set.
42
Tito pak synové Danovi po čeledech svých: Suham, z něhož čeled Suhamská. Ta jest rodina Danova po čeledech svých.
43
Všech čeledí Suhamských, jakž sečteni jsou, šedesáte čtyři tisíce a čtyři sta.
44
Synové Asser po čeledech svých: Jemna, z něhož čeled Jemnitská; Jesui, z něhož čeled Jesuitská;
45
Beria, z něhož čeled Berietská. Synové Beriovi: Heber, z něhož čeled Heberská; Melchiel, z něhož čeled Melchielská.
46
Jméno pak dcery Asser bylo Serach.
47
Ty jsou čeledi synů Asser, tak jakž sečteni jsou, padesáte tři tisíce a čtyři sta.
48
Synové Neftalímovi po čeledech svých: Jasiel, z něhož čeled Jasielská; Guni, z něhož čeled Gunitská;
49
Jezer, z něhož čeled Jezerská; Sallem, z něhož čeled Sallemská.
50
Ta jest rodina Neftalímova po čeledech svých, tak jakž sečteni jsou, čtyřidceti pět tisíců a čtyři sta.
51
Ten jest počet synů Izraelských, šestkrát sto tisíců a jeden tisíc, sedm set a třidceti.
52
Mluvil pak Hospodin k Mojžíšovi, řka:
53
Těmto rozdělena bude země k dědictví podlé počtu jmen.
54
Většímu počtu větší dědictví dáš, a menšímu menší; jednomu každému vedlé počtu sečtených jeho dáno bude dědictví jeho.
55
A však losem ať jest rozdělena země; vedlé jmen pokolení otců svých dědictví vezmou.
56
Losem děleno bude dědictví její, buď jich mnoho neb málo.
57
Tito pak jsou sečteni z Levítů po čeledech svých: Gerson, z něhož čeled Gersonitská; Kahat, z něhož čeled Kahatská; Merari, z něhož čeled Meraritská.
58
Ty jsou čeledi Léví: Èeled Lebnitská, čeled Hebronitská, čeled Moholitská, čeled Musitská, čeled Choritská. Kahat pak zplodil Amrama.
59
A jméno manželky Amramovy Jochebed, dcera Léví, kteráž se mu narodila v Egyptě; ona pak porodila Amramovi Arona a Mojžíše, a Marii sestru jejich.
60
Aronovi pak zrozeni jsou: Nádab a Abiu, Eleazar a Itamar.
61
Ale Nádab a Abiu zemřeli, když obětovali oheň cizí před Hospodinem.
62
I bylo jich načteno třimecítma tisíců, všech pohlaví mužského zstáří měsíce jednoho a výše; nebo nebyli počteni mezi syny Izraelskými, proto že jim nebylo dáno dědictví mezi syny Izraelskými.
63
Tito sečteni jsou od Mojžíše a Eleazara kněze; oni sečtli syny Izraelské na polích Moábských při Jordánu, naproti Jerichu.
64
Mezi těmito pak nebyl žádný z oněch sečtených od Mojžíše a Arona kněze, když počítali syny Izraelské na poušti Sinai;
65
(Nebo řekl byl Hospodin o nich: Smrtí zemrou na poušti;) a žádný z nich nepozůstal, jediné Kálef, syn Jefonův, a Jozue, syn Nun.