Comparer

Sòm 18

Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble

Sòm

Chapitre 18
1 (018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
2 (018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
3 (018:4) Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
4 (018:5) Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
5 (018:6) Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'.
6 (018:7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
7 (018:8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
8 (018:9) Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.
9 (018:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
10 (018:11) Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.
11 (018:12) Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.
12 (018:13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.
13 (018:14) Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
14 (018:15) Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
15 (018:16) Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
16 (018:17) Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a.
17 (018:18) Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'.
18 (018:19) Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'.
19 (018:20) Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen.
20 (018:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
21 (018:22) Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.
22 (018:23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
23 (018:24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
24 (018:25) Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
25 (018:26) Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
26 (018:27) Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
27 (018:28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
28 (018:29) Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.
29 (018:30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
30 (018:31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
31 (018:32) Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?
32 (018:33) Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch.
33 (018:34) Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe.
34 (018:35) Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
35 (018:36) Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.
36 (018:37) Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
37 (018:38) Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.
38 (018:39) Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.
39 (018:40) Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.
40 (018:41) Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.
41 (018:42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
42 (018:43) Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.
43 (018:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
44 (018:45) Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:
45 (018:46) Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
46 (018:47) Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
47 (018:48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
48 (018:49) Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
49 (018:50) Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.
50 (018:51) Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Žalmy

Chapitre 18
1 Přednímu zpěváku, služebníka Hospodinova Davida, kterýž mluvil Hospodinu slova písně této v ten den, v němž ho vysvobodil Hospodin z ruky všech nepřátel jeho i z ruky Saulovy, a řekl:
2 Z vnitřnosti srdce miluji tě, Hospodine, sílo má.
3 Hospodin skála má a hrad můj, i vysvoboditel můj, Bůh silný můj, skála má, v němž naději skládám, štít můj a roh spasení mého, mé útočiště.
4 Chvály hodného vzýval jsem Hospodina, a od nepřátel svých byl jsem vyproštěn.
5 Obklíčilyť mne byly bolesti smrti, a proudové nešlechetných předěsili mne.
6 Bylyť jsou mne obklíčily bolesti hrobu, osídla smrti zachvátila mne.
7 V úzkosti své vzýval jsem Hospodina, a k Bohu svému volal jsem, i vyslyšel z chrámu svého hlas můj, a volání mé před oblíčejem jeho přišlo v uši jeho.
8 Tehdy pohnula se a zatřásla země, základové hor pohnuli se, a třásli se pro rozhněvání jeho.
9 Dým vystupoval z chřípí jeho, a oheň zžírající z úst jeho, od něhož se uhlí rozpálilo.
10 Nakloniv nebes, sstoupil, a mrákota byla pod nohami jeho.
11 A sedě na cherubínu, letěl, letěl na peří větrovém.
12 Udělal sobě z temností skrýši, vůkol sebe stánek svůj z temných vod a hustých oblaků.
13 Od blesku před ním oblakové jeho rozehnáni jsou, krupobití i uhlí řeřavé.
14 I hřímal na nebi Hospodin, a Nejvyšší vydal zvuk svůj, i krupobití a uhlí řeřavé.
15 Vystřelil i střely své, a rozptýlil je, a blýskáním častým porazil je.
16 I ukázaly se hlubiny vod, a odkryti jsou základové okršlku pro žehrání tvé, Hospodine, pro dchnutí větru chřípí tvých.
17 Poslav s výsosti, uchopil mne, vytáhl mne z velikých vod.
18 Vytrhl mne od nepřítele mého silného, a od těch, kteříž mne nenáviděli, ačkoli silnější mne byli.
19 Předstihliť jsou mne byli v den trápení mého, ale Hospodin byl mi podpora.
20 Kterýž vyvedl mne na prostranno, vytrhl mne, nebo mne sobě oblíbil.
21 Odplatil mi Hospodin podlé spravedlnosti mé, podlé čistoty rukou mých nahradil mi.
22 Nebo jsem ostříhal cest Hospodinových, aniž jsem se bezbožně strhl Boha svého.
23 Všickni zajisté soudové jeho jsou přede mnou, a ustanovení jeho neodložil jsem od sebe.
24 Nýbrž upřímě choval jsem se k němu, a vystříhal jsem se nepravosti své.
25 Protož odplatil mi Hospodin podlé spravedlnosti mé, podlé čistoty rukou mých, kteráž jest před očima jeho.
26 Ty, Pane, s milosrdným milosrdně nakládáš, a k člověku upřímému upřímě se máš.
27 K sprostnému sprostně se ukazuješ, a s převráceným převráceně zacházíš.
28 Lid pak ssoužený vysvobozuješ, a oči vysoké snižuješ.
29 Ty zajisté rozsvěcuješ svíci mou; Hospodin Bůh můj osvěcuje temnosti mé.
30 Nebo v tobě proběhl jsem vojsko, a v Bohu svém přeskočil jsem i zed.
31 Boha tohoto silného cesta jest dokonalá, výmluvnosti Hospodinovy jsou přečištěné, onť jest štít všech, kteříž v něho doufají.
32 Nebo kdo jest Bohem kromě Hospodina, a kdo skalou kromě Boha našeho?
33 Ten Bůh silný přepasuje mne udatností, a činí dokonalou cestu mou.
34 Èiní nohy mé jako laní, a na vysokostech mých postavuje mne.
35 Učí ruce mé boji, tak že lámi i lučiště ocelivé rukama svýma.
36 Tys mi také dodal štítu spasení svého, a pravice tvá podpírala mne, a dobrotivost tvá mne zvelebila.
37 Rozšířil jsi krokům mým místo pode mnou, a nepodvrtly se nohy mé.
38 Honil jsem nepřátely své, a postihl jsem je, aniž jsem se navrátil, až jsem je vyhubil.
39 Tak jsem je zranil, že nemohli povstati, padše pod nohy mé.
40 Ty jsi zajisté mne přepásal udatností k boji, povstávající proti mně sehnul jsi pode mne.
41 Nýbrž dals mi šíji nepřátel mých, abych ty, kteříž mne nenáviděli, vyplénil.
42 Volaliť jsou, ale nebylo spomocníka k Hospodinu, ale nevyslyšel jich.
43 I potřel jsem je jako prach u povětří, jako bláto na ulicích rozšlapal jsem je.
44 Ty jsi mne vyprostil z různic lidu, a postavils mne v hlavu národům; lid, kteréhož jsem neznal, sloužil mi.
45 Jakž jen zaslechli, uposlechli mne, cizozemci lhali mi.
46 Cizozemci svadli a třásli se v ohradách svých.
47 Živť jest Hospodin, a požehnaná skála má; protož buď vyvyšován Bůh spasení mého,
48 Bůh silný, kterýž mi pomsty poroučí, a podmaňuje mi lidi.
49 Ty jsi vysvoboditel můj z moci nepřátel mých, také i nad povstávající proti mně vyvýšils mne, a od člověka ukrutného vyprostils mne.
50 A protož chváliti tě budu mezi národy, ó Hospodine, a jménu tvému žalmy prozpěvovati,
51 Kterýž tak důstojně vysvobozuješ krále svého, a činíš milosrdenství pomazanému svému Davidovi, i semeni jeho až na věky.

Choisir un livre