Comparer

Sòm 21

Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble

Sòm

Chapitre 21
1 (021:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (021:2) Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.
2 (021:3) Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou.
3 (021:4) Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.
4 (021:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
5 (021:6) Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,
6 (021:7) Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.
7 (021:8) Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.
8 (021:9) Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo.
9 (021:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
10 (021:11) W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.
11 (021:12) Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo.
12 (021:13) L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale.
13 (021:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!

Žalmy

Chapitre 21
1 Přednímu z kantorů, žalm Davidův.
2 Hospodine, v síle tvé raduje se král, a v spasení tvém veselí se přenáramně.
3 Žádost srdce jeho dal jsi jemu, a prosbě rtů jeho neodepřel jsi. Sélah.
4 Předšel jsi jej zajisté hojným požehnáním, vstavil jsi na hlavu jeho korunu z ryzího zlata.
5 Života požádal od tebe, a dal jsi mu prodlení dnů na věky věků.
6 Veliká jest sláva jeho v spasení tvém, důstojností a krásou přioděl jsi jej.
7 Nebo jsi jej vystavil za příklad hojného požehnání až na věky, rozveselil jsi jej radostí oblíčeje svého.
8 A poněvadž král doufá v Hospodina, a v milosrdenství Nejvyššího, nepohneť se.
9 Najdeť ruka tvá všecky nepřátely své, dosáhne pravice tvá těch, kteříž tě nenávidí.
10 Uvržeš je jako do peci ohnivé v čas rozhněvání svého; Hospodin v prchlivosti své sehltí je, a oheň sžíře je.
11 Plémě jejich z země vyhladíš, a símě jejich z synů lidských,
12 Nebo jsou proti tobě ukládali zlost, myslili na nešlechetnost, ač ji dovesti nemohli.
13 Protož je vystavíš za cíl, na tětiva svá přikládati budeš proti tváři jejich.
14 Zjeviž se, ó Hospodine, v síle své, a budemeť zpívati a oslavovati udatnost tvou.

Choisir un livre