Comparer

Sòm 38

Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble

Sòm

Chapitre 38
1 (038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2 (038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
3 (038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
4 (038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
5 (038:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
6 (038:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
7 (038:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
8 (038:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.
9 (038:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.
10 (038:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!
11 (038:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
12 (038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
13 (038:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.
14 (038:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.
15 (038:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.
16 (038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
17 (038:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.
18 (038:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
19 (038:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.
20 (038:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.
21 (038:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!
22 (038:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.

Žalmy

Chapitre 38
1 Žalm Davidův k připomínání.
2 Hospodine, v prchlivosti své netresci mne, ani v hněvě svém kárej mne.
3 Nebo střely tvé uvázly ve mně, a ruka tvá na mne těžce dolehla.
4 Nic není celého v těle mém pro tvou hněvivost, nemají pokoje kosti mé pro hřích můj.
5 Nebo nepravosti mé vzešly nad hlavu mou, jako břímě těžké nemožné jsou mi k unesení.
6 Zahnojily se, a kyší rány mé pro bláznovství mé.
7 Pohrbený a sklíčený jsem náramně, každého dne v smutku chodím.
8 Nebo ledví má plná jsou mrzkosti, a nic není celého v těle mém.
9 Zemdlen jsem a potřín převelice, řvu pro úzkost srdce svého.
10 Pane, před tebou jest všecka žádost má, a vzdychání mé není před tebou skryto.
11 Srdce mé zmítá se, opustila mne síla má, i to světlo očí mých není se mnou.
12 Ti, kteříž mne milovali, a tovaryši moji, štítí se ran mých, a příbuzní moji zdaleka stojí.
13 Ti pak, kteříž stojí o bezživotí mé, osídla lécejí, a kteříž mého zlého hledají, mluví převráceně, a přes celý den lest a chytrost smýšlejí.
14 Ale já jako hluchý neslyším, a jako němý, kterýž neotvírá úst svých;
15 Tak jsem, jako člověk, kterýž neslyší, a v jehož ústech není žádného odporu.
16 Nebo na tě, Hospodine, očekávám, ty za mne odpovíš, Pane Bože můj.
17 Nebo jsem řekl: Ať se neradují ze mne, poklesla-li by se noha má, ať se pyšně nepozdvihují nade mnou,
18 Poněvadž k snášení bíd hotov jsem, anobrž bolest má vždycky jest přede mnou.
19 A že nepravosti své vyznávám, a pro hřích svůj tesklím.
20 Pročež nepřátelé moji veseli jsouce, silí se, a rozmnožují se ti, kteříž mne bez příčiny nenávidí.
21 A zlým za dobré mi se odplacujíce, činí mi protivenství, proto že dobrého následuji.
22 Neopouštějž mne, Hospodine Bože můj, nevzdalujž se ode mne.
23 Přispěj k spomožení mému, Pane spasení mého.

Choisir un livre