Comparer

Sòm 77

Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble

Sòm

Chapitre 77
1 (077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
2 (077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
3 (077:4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
4 (077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
5 (077:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
6 (077:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
7 (077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
8 (077:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
9 (077:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
10 (077:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?
11 (077:12) Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.
12 (077:13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!
13 (077:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
14 (077:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
15 (077:16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
16 (077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
17 (077:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.
18 (077:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.
19 (077:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.
20 (077:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.

Žalmy

Chapitre 77
1 Přednímu kantoru z potomků Jedutunových, s Azafem, žalm.
2 Hlas můj k Bohu, když volám, hlas můj k Bohu, aby ucha naklonil ke mně.
3 V den ssoužení svého Pána hledal jsem, v noci ruce své rozprostíral jsem bez přestání, a nedala se potěšiti duše má.
4 Na Boha zpomínal jsem a kormoutil se, přemyšloval jsem, a úzkostmi svírán byl duch můj. Sélah.
5 Zdržoval jsi oči mé, aby bděly; potřín jsem byl, aniž jsem mluviti mohl.
6 I přicházeli mi na pamět dnové předešlí, a léta dávní.
7 Rozpomínal jsem se v noci na zpěvy své, v srdci svém přemyšloval jsem, a zpytoval to duch můj, pravě:
8 Zdali na věky zažene Bůh? Nikdy-liž již více lásky neukáže?
9 Zdali do konce přestane milosrdenství jeho? A konec vezme slovo od pokolení až do pokolení?
10 Zdali se zapomněl smilovávati Bůh silný? Zdaž zadržel v hněvě milosrdenství svá? Sélah.
11 I řekl jsem: Toť jest má smrt. Ale učiníť proměnu pravice Nejvyššího.
12 Rozpomínati se budu na skutky Hospodinovy, a připomínati sobě divné činy tvé, od starodávna.
13 A přemyšlovati o všelikém díle tvém, a o skutcích tvých mluviti.
14 Bože, svatá jest cesta tvá. Kdo jest silný, veliký, jako Bůh?
15 Ty jsi ten Bůh silný, jenž činíš divné věci; uvedl jsi v známost mezi národy sílu svou.
16 Vysvobodil jsi ramenem lid svůj, syny Jákobovy a Jozefovy. Sélah.
17 Vidělyť jsou tě vody, Bože, viděly tě vody, a zstrašily se; pohnuly se také i hlubiny.
18 Vydali povodně oblakové, vydala hřmot nebesa, ano i kameníčko tvé skákalo.
19 Vznělo hřímání tvé po obloze, blýskání osvěcovalo okršlek zemský, pohybovala se a třásla země.
20 Skrze moře byla cesta tvá, a stezky tvé skrze vody veliké, a však šlepějí tvých nebylo znáti.
21 Vedl jsi jako stádo lid svůj skrze Mojžíše a Arona.

Choisir un livre