Comparer
Sòm 142
Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble
Sòm
Chapitre 142
1
(0142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (0142:2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.
2
(0142:3) M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen.
3
(0142:4) Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.
4
(0142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'.
5
(0142:6) Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.
6
(0142:7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'.
7
(0142:8) Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.
Psalms
Chapitre 142
1
Maschil of David; A Prayer when he was in the cave. I cried unto the LORD with my voice; with my voice unto the LORD did I make my supplication.
2
I poured out my complaint before him; I shewed before him my trouble.
3
When my spirit was overwhelmed within me, then thou knewest my path. In the way wherein I walked have they privily laid a snare for me.
4
I looked on my right hand, and beheld, but there was no man that would know me: refuge failed me; no man cared for my soul.
5
I cried unto thee, O LORD: I said, Thou art my refuge and my portion in the land of the living.
6
Attend unto my cry; for I am brought very low: deliver me from my persecutors; for they are stronger than I.
7
Bring my soul out of prison, that I may praise thy name: the righteous shall compass me about; for thou shalt deal bountifully with me.