Comparer

Sòm 64

Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble

Sòm

Chapitre 64
1 (064:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (064:2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.
2 (064:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
3 (064:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
4 (064:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
5 (064:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?
6 (064:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
7 (064:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
8 (064:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
9 (064:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.
10 (064:11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.

Psalms

Chapitre 64
1 To the chief Musician, A Psalm of David. Hear my voice, O God, in my prayer: preserve my life from fear of the enemy.
2 Hide me from the secret counsel of the wicked; from the insurrection of the workers of iniquity:
3 Who whet their tongue like a sword, and bend their bows to shoot their arrows, even bitter words:
4 That they may shoot in secret at the perfect: suddenly do they shoot at him, and fear not.
5 They encourage themselves in an evil matter: they commune of laying snares privily; they say, Who shall see them?
6 They search out iniquities; they accomplish a diligent search: both the inward thought of every one of them, and the heart, is deep.
7 But God shall shoot at them with an arrow; suddenly shall they be wounded.
8 So they shall make their own tongue to fall upon themselves: all that see them shall flee away.
9 And all men shall fear, and shall declare the work of God; for they shall wisely consider of his doing.
10 The righteous shall be glad in the LORD, and shall trust in him; and all the upright in heart shall glory.

Choisir un livre