Jòb 25
← Jòb · Bib La
Jòb 25
Bib La
1
Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2
-Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.
3
Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.
4
Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?
5
Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.
6
Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?