Comparar

Resansman 2

Rolagem vinculadaAs duas colunas rolam juntas

Resansman

Capítulo 2
1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2 -Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre làbanyè yo, anba ti drapo branch fanmi zansèt yo. Y'a moute tant yo devan ak sou kote Tant Randevou a, men pa twò pre l'.
3 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.
4 Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (074.600) gason nan divizyon sa a.
5 Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a.
6 Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (054.400) gason nan divizyon sa a.
7 Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a.
8 Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (057.400) gason nan divizyon sa a.
9 Konsa, anba làbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan (0186,400) gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase.
10 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan.
11 Dapre resansman an, te gen karannsimil senksan (046.500) gason nan divizyon sa a.
12 Moun Simeyon yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Woubenn yo. Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te chèf fanmi yo a.
13 Dapre resansman an, te gen senkannèfmil twasan (059.300) gason nan divizyon sa a.
14 Moun Gad yo va rete sou menm bò a, agoch moun Woubenn yo. Se Elyasaf, pitit gason Reouyèl la, ki te chèf fanmi yo a.
15 Dapre resansman an, te gen karannsenkmil sisan (045.600) gason nan divizyon sa a.
16 Konsa, anba làbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant (0151.450) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase.
17 Lè tout moun ap deplase, y'a mache nan menm pozisyon yo mete yo lè y'ap moute kan yo, anba làbanyè yo: de divizyon devan, de divizyon dèyè ak fanmi Levi yo nan mitan ap pote Tant Randevou a.
18 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan.
19 Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan divizyon sa a.
20 Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a.
21 Dapre resansman an, te gen tranndemil desan (032.200) gason nan divizyon sa a.
22 Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a.
23 Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan (035.400) gason nan divizyon sa a.
24 Konsa, anba làbanyè Efrayim lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou san witmil san (0108.100) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an twazyèm pozisyon lè y'ap deplase.
25 Tout moun k'ap mache anla làbanyè Dann lan va moute kan yo sou bò nò, chak divizyon apa. Se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki te chèf fanmi Dann lan.
26 Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan (062.700) gason nan divizyon sa a.
27 Moun Asè yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Dann yo. Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te chèf fanmi yo a.
28 Dapre resansman an, te gen karanteyenmil senksan (041.500) gason nan divizyon sa a.
29 Moun Neftali yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Ayira, pitit gason Enan an, ki te chèf fanmi yo a.
30 Dapre resansman an, te gen senkanntwamil katsan (053.400) gason nan divizyon sa a.
31 Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan (0157.600) gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo.
32 Men kantite gason yo te jwenn nan pèp Izrayèl la dapre branch fanmi zansèt yo. Dapre resansman yo te fè a, divizyon pa divizyon, te gen sisantwamil senksansenkant (0603.550) gason antou.
33 Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
34 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba làbanyè pa yo. Lè y'ap deplase, yo mache pa divizyon, chak moun ansanm ak branch fanmi zansèt yo.

Numbers

Capítulo 2
1 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,
2 Every man of the children of Israel shall pitch by his own standard, with the ensign of their father’s house: far off about the tabernacle of the congregation shall they pitch.
3 And on the east side toward the rising of the sun shall they of the standard of the camp of Judah pitch throughout their armies: and Nahshon the son of Amminadab shall be captain of the children of Judah.
4 And his host, and those that were numbered of them, were threescore and fourteen thousand and six hundred.
5 And those that do pitch next unto him shall be the tribe of Issachar: and Nethaneel the son of Zuar shall be captain of the children of Issachar.
6 And his host, and those that were numbered thereof, were fifty and four thousand and four hundred.
7 Then the tribe of Zebulun: and Eliab the son of Helon shall be captain of the children of Zebulun.
8 And his host, and those that were numbered thereof, were fifty and seven thousand and four hundred.
9 All that were numbered in the camp of Judah were an hundred thousand and fourscore thousand and six thousand and four hundred, throughout their armies. These shall first set forth.
10 ¶ On the south side shall be the standard of the camp of Reuben according to their armies: and the captain of the children of Reuben shall be Elizur the son of Shedeur.
11 And his host, and those that were numbered thereof, were forty and six thousand and five hundred.
12 And those which pitch by him shall be the tribe of Simeon: and the captain of the children of Simeon shall be Shelumiel the son of Zurishaddai.
13 And his host, and those that were numbered of them, were fifty and nine thousand and three hundred.
14 Then the tribe of Gad: and the captain of the sons of Gad shall be Eliasaph the son of Reuel.
15 And his host, and those that were numbered of them, were forty and five thousand and six hundred and fifty.
16 All that were numbered in the camp of Reuben were an hundred thousand and fifty and one thousand and four hundred and fifty, throughout their armies. And they shall set forth in the second rank.
17 ¶ Then the tabernacle of the congregation shall set forward with the camp of the Levites in the midst of the camp: as they encamp, so shall they set forward, every man in his place by their standards.
18 ¶ On the west side shall be the standard of the camp of Ephraim according to their armies: and the captain of the sons of Ephraim shall be Elishama the son of Ammihud.
19 And his host, and those that were numbered of them, were forty thousand and five hundred.
20 And by him shall be the tribe of Manasseh: and the captain of the children of Manasseh shall be Gamaliel the son of Pedahzur.
21 And his host, and those that were numbered of them, were thirty and two thousand and two hundred.
22 Then the tribe of Benjamin: and the captain of the sons of Benjamin shall be Abidan the son of Gideoni.
23 And his host, and those that were numbered of them, were thirty and five thousand and four hundred.
24 All that were numbered of the camp of Ephraim were an hundred thousand and eight thousand and an hundred, throughout their armies. And they shall go forward in the third rank.
25 ¶ The standard of the camp of Dan shall be on the north side by their armies: and the captain of the children of Dan shall be Ahiezer the son of Ammishaddai.
26 And his host, and those that were numbered of them, were threescore and two thousand and seven hundred.
27 And those that encamp by him shall be the tribe of Asher: and the captain of the children of Asher shall be Pagiel the son of Ocran.
28 And his host, and those that were numbered of them, were forty and one thousand and five hundred.
29 ¶ Then the tribe of Naphtali: and the captain of the children of Naphtali shall be Ahira the son of Enan.
30 And his host, and those that were numbered of them, were fifty and three thousand and four hundred.
31 All they that were numbered in the camp of Dan were an hundred thousand and fifty and seven thousand and six hundred. They shall go hindmost with their standards.
32 ¶ These are those which were numbered of the children of Israel by the house of their fathers: all those that were numbered of the camps throughout their hosts were six hundred thousand and three thousand and five hundred and fifty.
33 But the Levites were not numbered among the children of Israel; as the LORD commanded Moses.
34 And the children of Israel did according to all that the LORD commanded Moses: so they pitched by their standards, and so they set forward, every one after their families, according to the house of their fathers.

Escolher um livro