Comparar
Sòm 76
Rolagem vinculadaAs duas colunas rolam juntas
Sòm
Capítulo 76
1
(076:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. (076:2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.
2
(076:3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.
3
(076:4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
4
(076:5) Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!
5
(076:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
6
(076:7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
7
(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
8
(076:9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
9
(076:10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
10
(076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
11
(076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la.
12
(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
Psalms
Capítulo 76
1
To the chief Musician on Neginoth, A Psalm or Song of Asaph. In Judah is God known: his name is great in Israel.
2
In Salem also is his tabernacle, and his dwelling place in Zion.
3
There brake he the arrows of the bow, the shield, and the sword, and the battle. Selah.
4
Thou art more glorious and excellent than the mountains of prey.
5
The stouthearted are spoiled, they have slept their sleep: and none of the men of might have found their hands.
6
At thy rebuke, O God of Jacob, both the chariot and horse are cast into a dead sleep.
7
Thou, even thou, art to be feared: and who may stand in thy sight when once thou art angry?
8
Thou didst cause judgment to be heard from heaven; the earth feared, and was still,
9
When God arose to judgment, to save all the meek of the earth. Selah.
10
Surely the wrath of man shall praise thee: the remainder of wrath shalt thou restrain.
11
Vow, and pay unto the LORD your God: let all that be round about him bring presents unto him that ought to be feared.
12
He shall cut off the spirit of princes: he is terrible to the kings of the earth.