Comparar

Sòm 6

Desplazamiento vinculadoLas dos columnas se desplazan juntas

Sòm

Capítulo 6
1 (06:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (06:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2 (06:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
3 (06:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
4 (06:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
5 (06:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
6 (06:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
7 (06:8) Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
8 (06:9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.
9 (06:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
10 (06:11) Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.

Psalms

Capítulo 6
1 To the chief Musician on Neginoth upon Sheminith, A Psalm of David. O LORD, rebuke me not in thine anger, neither chasten me in thy hot displeasure.
2 Have mercy upon me, O LORD; for I am weak: O LORD, heal me; for my bones are vexed.
3 My soul is also sore vexed: but thou, O LORD, how long?
4 Return, O LORD, deliver my soul: oh save me for thy mercies’ sake.
5 For in death there is no remembrance of thee: in the grave who shall give thee thanks?
6 I am weary with my groaning; all the night make I my bed to swim; I water my couch with my tears.
7 Mine eye is consumed because of grief; it waxeth old because of all mine enemies.
8 Depart from me, all ye workers of iniquity; for the LORD hath heard the voice of my weeping.
9 The LORD hath heard my supplication; the LORD will receive my prayer.
10 Let all mine enemies be ashamed and sore vexed: let them return and be ashamed suddenly.

Elegir un libro