Compare
Sòm 6
Linked scrollingBoth columns scroll together
Sòm
Chapter 6
1
(06:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (06:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2
(06:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
3
(06:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
4
(06:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
5
(06:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
6
(06:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
7
(06:8) Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
8
(06:9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.
9
(06:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
10
(06:11) Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
Psalms
Chapter 6
1
To the chief Musician on Neginoth upon Sheminith, A Psalm of David. O LORD, rebuke me not in thine anger, neither chasten me in thy hot displeasure.
2
Have mercy upon me, O LORD; for I am weak: O LORD, heal me; for my bones are vexed.
3
My soul is also sore vexed: but thou, O LORD, how long?
4
Return, O LORD, deliver my soul: oh save me for thy mercies’ sake.
5
For in death there is no remembrance of thee: in the grave who shall give thee thanks?
6
I am weary with my groaning; all the night make I my bed to swim; I water my couch with my tears.
7
Mine eye is consumed because of grief; it waxeth old because of all mine enemies.
8
Depart from me, all ye workers of iniquity; for the LORD hath heard the voice of my weeping.
9
The LORD hath heard my supplication; the LORD will receive my prayer.
10
Let all mine enemies be ashamed and sore vexed: let them return and be ashamed suddenly.