Comparar

Sòm 62

Desplazamiento vinculadoLas dos columnas se desplazan juntas

Sòm

Capítulo 62
1 (062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
2 (062:3) Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
3 (062:4) Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
4 (062:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
5 (062:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
6 (062:7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'.
7 (062:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
8 (062:9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
9 (062:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
10 (062:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.
11 (062:12) An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete.
12 (062:13) Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Psalms

Capítulo 62
1 To the chief Musician, to Jeduthun, A Psalm of David. Truly my soul waiteth upon God: from him cometh my salvation.
2 He only is my rock and my salvation; he is my defence; I shall not be greatly moved.
3 How long will ye imagine mischief against a man? ye shall be slain all of you: as a bowing wall shall ye be, and as a tottering fence.
4 They only consult to cast him down from his excellency: they delight in lies: they bless with their mouth, but they curse inwardly. Selah.
5 My soul, wait thou only upon God; for my expectation is from him.
6 He only is my rock and my salvation: he is my defence; I shall not be moved.
7 In God is my salvation and my glory: the rock of my strength, and my refuge, is in God.
8 Trust in him at all times; ye people, pour out your heart before him: God is a refuge for us. Selah.
9 Surely men of low degree are vanity, and men of high degree are a lie: to be laid in the balance, they are altogether lighter than vanity.
10 Trust not in oppression, and become not vain in robbery: if riches increase, set not your heart upon them.
11 God hath spoken once; twice have I heard this; that power belongeth unto God.
12 Also unto thee, O Lord, belongeth mercy: for thou renderest to every man according to his work.

Elegir un libro