Comparar

Sòm 63

Desplazamiento vinculadoLas dos columnas se desplazan juntas

Sòm

Capítulo 63
1 (063:1) Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. (063:2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
2 (063:3) Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
3 (063:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
4 (063:5) Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.
5 (063:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
6 (063:7) Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
7 (063:8) Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
8 (063:9) Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
9 (063:10) Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
10 (063:11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.
11 (063:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.

Psalms

Capítulo 63
1 A Psalm of David, when he was in the wilderness of Judah. O God, thou art my God; early will I seek thee: my soul thirsteth for thee, my flesh longeth for thee in a dry and thirsty land, where no water is;
2 To see thy power and thy glory, so as I have seen thee in the sanctuary.
3 Because thy lovingkindness is better than life, my lips shall praise thee.
4 Thus will I bless thee while I live: I will lift up my hands in thy name.
5 My soul shall be satisfied as with marrow and fatness; and my mouth shall praise thee with joyful lips:
6 When I remember thee upon my bed, and meditate on thee in the night watches.
7 Because thou hast been my help, therefore in the shadow of thy wings will I rejoice.
8 My soul followeth hard after thee: thy right hand upholdeth me.
9 But those that seek my soul, to destroy it, shall go into the lower parts of the earth.
10 They shall fall by the sword: they shall be a portion for foxes.
11 But the king shall rejoice in God; every one that sweareth by him shall glory: but the mouth of them that speak lies shall be stopped.

Elegir un libro