Confronta
Sòm 75
Scorrimento collegatoLe due colonne scorrono insieme
Sòm
Capitolo 75
1
(075:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (075:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
2
(075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.
3
(075:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.
4
(075:5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!
5
(075:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!
6
(075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.
7
(075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.
8
(075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
9
(075:10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.
10
(075:11) L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!
Psalms
Capitolo 75
1
To the chief Musician, Al-taschith, A Psalm or Song of Asaph. Unto thee, O God, do we give thanks, unto thee do we give thanks: for that thy name is near thy wondrous works declare.
2
When I shall receive the congregation I will judge uprightly.
3
The earth and all the inhabitants thereof are dissolved: I bear up the pillars of it. Selah.
4
I said unto the fools, Deal not foolishly: and to the wicked, Lift not up the horn:
5
Lift not up your horn on high: speak not with a stiff neck.
6
For promotion cometh neither from the east, nor from the west, nor from the south.
7
But God is the judge: he putteth down one, and setteth up another.
8
For in the hand of the LORD there is a cup, and the wine is red; it is full of mixture; and he poureth out of the same: but the dregs thereof, all the wicked of the earth shall wring them out, and drink them.
9
But I will declare for ever; I will sing praises to the God of Jacob.
10
All the horns of the wicked also will I cut off; but the horns of the righteous shall be exalted.