Comparer

Sòm 75

Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble

Sòm

Chapitre 75
1 (075:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (075:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
2 (075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.
3 (075:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.
4 (075:5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!
5 (075:6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!
6 (075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.
7 (075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.
8 (075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
9 (075:10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.
10 (075:11) L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!

Psalms

Chapitre 75
1 To the chief Musician, Al-taschith, A Psalm or Song of Asaph. Unto thee, O God, do we give thanks, unto thee do we give thanks: for that thy name is near thy wondrous works declare.
2 When I shall receive the congregation I will judge uprightly.
3 The earth and all the inhabitants thereof are dissolved: I bear up the pillars of it. Selah.
4 I said unto the fools, Deal not foolishly: and to the wicked, Lift not up the horn:
5 Lift not up your horn on high: speak not with a stiff neck.
6 For promotion cometh neither from the east, nor from the west, nor from the south.
7 But God is the judge: he putteth down one, and setteth up another.
8 For in the hand of the LORD there is a cup, and the wine is red; it is full of mixture; and he poureth out of the same: but the dregs thereof, all the wicked of the earth shall wring them out, and drink them.
9 But I will declare for ever; I will sing praises to the God of Jacob.
10 All the horns of the wicked also will I cut off; but the horns of the righteous shall be exalted.

Choisir un livre