Comparer

Sòm 47

Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble

Sòm

Chapitre 47
1 (047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
2 (047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
3 (047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
4 (047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
5 (047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
6 (047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
7 (047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
8 (047:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
9 (047:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.

Žalmy

Chapitre 47
1 Přednímu zpěváku z synů Chóre, žalm.
2 Všickni národové plésejte rukama, trubte Bohu s hlasitým prozpěvováním.
3 Nebo Hospodin nejvyšší, hrozný, jest král veliký nade vší zemi.
4 Uvozuje lidi v moc naši, a národy pod nohy naše.
5 Oddělil nám za dědictví naše slávu Jákobovu, kteréhož miloval. Sélah.
6 Vstoupil Bůh s troubením, Hospodin s zvukem trouby.
7 Žalmy zpívejte Bohu, zpívejte; zpívejte žalmy králi našemu, zpívejte.
8 Nebo král vší země Bůh jest, zpívejte žalmy rozumně.
9 Kralujeť Bůh nad národy, Bůh sedí na trůnu svém svatém.
10 Knížata národů připojili se k lidu Boha Abrahamova; nebo pavézy země Boží jsou, pročež on náramně vyvýšen jest.

Choisir un livre