Comparer
Sòm 48
Défilement liéLes deux colonnes défilent ensemble
Sòm
Chapitre 48
1
(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
2
(048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
3
(048:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
4
(048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
5
(048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
6
(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7
(048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8
(048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9
(048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10
(048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
11
(048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
12
(048:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
13
(048:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
14
(048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Žalmy
Chapitre 48
1
Píseň žalmu synů Chóre.
2
Veliký jest Hospodin, a převelmi chvalitebný v městě Boha našeho, na hoře svatosti své.
3
Ozdoba krajiny, útěcha vší země jestiť hora Sion, k straně půlnoční, město krále velikého.
4
Bůh na palácích jeho, a znají ho býti vysokým hradem.
5
Nebo aj, králové když se shromáždili a spolu táhli,
6
Sami to uzřevše, velmi se divili, a předěšeni byvše, náhle utíkali.
7
Tuť jest je strach popadl, a bolest jako ženu rodící.
8
Větrem východním rozrážíš lodí Tarské.
9
Jakž jsme slýchali, tak jsme spatřili, v městě Hospodina zástupů, v městě Boha našeho. Bůh upevní je až na věky.
10
Rozjímáme, ó Bože, milosrdenství tvé u prostřed chrámu tvého.
11
Jakož jméno tvé, Bože, tak i chvála tvá až do končin země; pravice tvá zajisté plná jest spravedlnosti.
12
Raduj se, horo Sione, plésejte, dcery Judské, z příčiny soudů Božích.
13
Obejděte Sion, a obstupte jej, sečtěte věže jeho.
14
Přiložte mysl svou k ohradě, popatřte na paláce jeho, abyste uměli vypravovati věku potomnímu,
15
Že tento Bůh jest Bůh náš na věčné věky, a že on vůdce náš bude až do smrti.