Comparar

Sòm 46

Rolagem vinculadaAs duas colunas rolam juntas

Sòm

Capítulo 46
1 (046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
2 (046:3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
3 (046:4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
4 (046:5) Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
5 (046:6) Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
6 (046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
7 (046:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
8 (046:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
9 (046:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
10 (046:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
11 (046:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!

Psalms

Capítulo 46
1 To the chief Musician for the sons of Korah, A Song upon Alamoth. God is our refuge and strength, a very present help in trouble.
2 Therefore will not we fear, though the earth be removed, and though the mountains be carried into the midst of the sea;
3 Though the waters thereof roar and be troubled, though the mountains shake with the swelling thereof. Selah.
4 There is a river, the streams whereof shall make glad the city of God, the holy place of the tabernacles of the most High.
5 God is in the midst of her; she shall not be moved: God shall help her, and that right early.
6 The heathen raged, the kingdoms were moved: he uttered his voice, the earth melted.
7 The LORD of hosts is with us; the God of Jacob is our refuge. Selah.
8 Come, behold the works of the LORD, what desolations he hath made in the earth.
9 He maketh wars to cease unto the end of the earth; he breaketh the bow, and cutteth the spear in sunder; he burneth the chariot in the fire.
10 Be still, and know that I am God: I will be exalted among the heathen, I will be exalted in the earth.
11 The LORD of hosts is with us; the God of Jacob is our refuge. Selah.

Escolher um livro