Compare
Sòm 46
Linked scrollingBoth columns scroll together
Sòm
Chapter 46
1
(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
2
(046:3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
3
(046:4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
4
(046:5) Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
5
(046:6) Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
6
(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
7
(046:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
8
(046:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
9
(046:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
10
(046:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
11
(046:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
Psalms
Chapter 46
1
To the chief Musician for the sons of Korah, A Song upon Alamoth. God is our refuge and strength, a very present help in trouble.
2
Therefore will not we fear, though the earth be removed, and though the mountains be carried into the midst of the sea;
3
Though the waters thereof roar and be troubled, though the mountains shake with the swelling thereof. Selah.
4
There is a river, the streams whereof shall make glad the city of God, the holy place of the tabernacles of the most High.
5
God is in the midst of her; she shall not be moved: God shall help her, and that right early.
6
The heathen raged, the kingdoms were moved: he uttered his voice, the earth melted.
7
The LORD of hosts is with us; the God of Jacob is our refuge. Selah.
8
Come, behold the works of the LORD, what desolations he hath made in the earth.
9
He maketh wars to cease unto the end of the earth; he breaketh the bow, and cutteth the spear in sunder; he burneth the chariot in the fire.
10
Be still, and know that I am God: I will be exalted among the heathen, I will be exalted in the earth.
11
The LORD of hosts is with us; the God of Jacob is our refuge. Selah.